Ki moun nou ye
Deriv se youn nan pi gwo bwokè sou entènèt nan mond lan. Nou ofri CFD ak lòt derive sou forex, aksyon & endis, kriptomonè, komodite, ak Derived Indices bay plizyè milyon itilizatè enrejistre nan tout mond lan.
Valè nou yo
Entegrite
Nou sèvi kliyan nou yo avèk jistis ak transparans. Nou regle tout kontra selon règ yo e nou pale klè e onètman.

Konsantrasyon sou kliyan
Nou mete kliyan an an premye e nou fè efò pou bati pwodwi ki bay pi bon eksperyans kliyan.
Konpetans
Nou bay valè a kolèg ki gen kapasite pou fè bon jijman ak yon aptitid pou aprann e pwogrese.

Travay an ekip
Nou bay valè a moun ki renmen travay an ekip, ki kolabore lib nan tout depatman avèk imilite ak anbisyon.
Sètifikasyon nou yo
Nou pwoud dèske yo rekonèt nou kòm yon Great Place to Work™ e nou gen sètifikasyon Platinum nan Investors in People, sa ki montre angajman nou pou kilti nan espas travay ak devlopman anplwaye.


Prensip nou yo
Rete fyab
Nou regle tout kontra avèk jistis, nou trete tout depo ak retrè rapidman, e nou bay sipò fyab ak yon eksperyans tranzaksyon bon jan kalite bay tout kliyan nou yo.
Rete jis
Nou trete tout kliyan nou yo yon fason jis, nou jere plent yo avèk entegrite, e nou ofri pri konpetitif san okenn kou kache ni baryè atifisyèl sou retrè kliyan yo.
Rete transparan
Nou pale klè pou evite ekivòk, nou divilge tèm tout kontra yo, e nou klè sou risk tranzaksyon yo ak kijan nou fè lajan.
Rete responsab
Nou pa fè vant fòse, nou pa bay konsèy finansye oswa konsèy tranzaksyon, ni nou pa fè pwomès retou garanti. Nou pa ankouraje moun vilnerab fè tranzaksyon e nou aplike kontwòl pou anpeche nenpòt travay ilegal.








